Palm Beach County Library System Register Online Logo

Kondisyon pou gen yon kat bibliyotèk




Eligibility

Si w ap viv nan Distri Bibliyotèk Palm Beach County ou ka gen yon kat bibliyotèk gratis.

Distri Bibliyotèk Palm Beach County se yon distri fiskal espesyal ki bay sèvis bibliyotèk nan zòn ki pa enkòpore nan distri a ak nan minisipalite sa yo: Atlantis, Belle Glade, Briny Breezes, Cloud Lake, Glen Ridge, Greenacres, Haverhill, Hypoluxo, Juno Beach, Jupiter, Jupiter Inlet Colony, Lake Clarke Shores, Loxahatchee Groves, Mangonia Park, Ocean Ridge, Pahokee, Palm Beach Gardens, Palm Beach Shores, Royal Palm Beach, South Bay, South Palm Beach, Tequesta, Wellington, ak Westlake.

Moun ki rete nan vil ki nan koperativ bibliyotèk la resevwa kat gratis tou. Koperativ bibliyotèk Palm Beach County a gen ladan li: Sistèm Bibliyotèk Palm Beach County, Bibliyotèk Vil Boynton Beach, Bibliyotèk Vil Delray Beach, Bibliyotèk Piblik Lake Park, Bibliyotèk Vil Lake Worth, Bibliyotèk Piblik Lantana, Bibliyotèk North Palm Beach, Bibliyotèk Piblik Palm Springs, Bibliyotèk Piblik Riviera Beach, ak Bibliyotèk Piblik West Palm Beach.

An rezime, si w ap viv nan rejyon ki pa enkòpore nan Palm Beach County oswa nan youn nan vil ki nan lis ki pi wo a, ou kalifye pou yon kat gratis.

Tout timoun, depi yo fèt pou rive nan klas 12èm ane eskolè, ki ap viv nan Palm Beach County, kalifye pou gen kat bibliyotèk gratis. Yon paran, gadyen legal, oswa yon granmoun ki dakò pran responsabilite finansye ak ki tip materyèl li otorize timoun nan prete dwe ranpli fòmilè aplikasyon an epi siyen kat. A pati laj 16 an, manm k ap viv nan distri Palm Beach County a ka ranpli aplikasyon pou yon kat bibliyotèk Granmoun gratis.

Si w ta swete gen yon kat bibliyotèk Palm Beach County, men ou pa ranpli kondisyon ki site piwo a, ou ka deside peye pou yon kat bibliyotèk. Moun ki pa ranpli kondisyon yo ap peye $55.00 pou yon kat ki valid pou sis-mwa oubyen $95.00 pou yon lane.


Fèmen Paj la