Online Registration


   

BYENVENI! Enskripsyon pou kat bibliyotèk sou entènèt se yon nouvo sèvis nou met ann aplikasyon pou amelyore eksperyans kliyan. Si w gen nenpòt kesyon oswa kòmantè, tanpri kontakte yon anplwaye bibliyotèk la.

Aplikasyon sa a pral pèmèt ou enskri alavans pou yon kat bibliyotèk Palm Beach County. Ale nenpòt kote ki gen yon bibliyotèk Palm Beach County pou siyen epi pran kat ou. W ap bezwen montre yon pyès idandite ki valid, epitou prèv adrès kay w ap viv. Timoun ak Adolesan ki poko gen laj 16 an ki vle gen yon kat bibliyotèk dwe prezante ak yon paran oswa gadyen legal.

Manm ki gen webcam oswa aparèy mobil ak kamera ka itilize kont/Ap FaceTime, Google Duo, Google Hangout, Google Meet, Skype oswa Zoom pou finalize enskripsyon vityèl la epi resevwa yon nimewo kat bibliyotèk dijital. Tanpri kontakte nenpòt branch pou pran yon randevou vityèl.

Randevou vityèl pa disponib kounye a pou kat ki peye yo.



Si w deja gen yon kat bibliyotèk Palm Beach County, li pa nesesè pou enskri ankò. Si w bezwen ranplase kat ki pèdi a, tanpri ale nan nenpòt bibliyotèk Palm Beach County ak yon pyès idantite ki valid.


  Klike sou bwat la pou ranpli fòmilè enskripsyon Granmoun nan ( Laj 16 an ou plis)
  Klike sou bwat la pou ranpli fòmilè enskripsyon Timoun nan (0 jiska laj 15 an)


Aplikasyon ou ka enprime

Ou pa gen adrès imèl? Vèsyon PDF fòmilè nou yo disponib pou enprime. Enprime fòmilè a epi ranpli l, apresa pote l nan nenpòt branch nan Sistèm Bibliyotèk Palm Beach County a avèk yon pyès idantite valid ki gen foto ak prèv adrès w ap viv kounye a pou jwenn yon kat.